Nou Paka Ansanm • Trouble Boy

  • 6 years ago
Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Pral Nan Peyan M Pou Yo
Year: 2018
Featuring: Fatima

[Verse 1]
Antouraj ou di m m son ti frekan
Ou sot nan on klas sosyal diferan
Sa pa anpeche nou fè dife pran
Sitou lè w avè m map ouvè kò m tankou on ti pedan
Cheri ou fè m vin romantik
Ou fè m santi m byen m paka ba w manti
Ou wè avè m ou pa gen avni
Ou gentan ranplase m ak on lòt san ou pa mande m avi m
Cheri w son fanm marye
Mwen son varye se wonn nan m te vin gaye
Mwen pat vin pou m rete
M toujou di fò m remèt chak fwa m prete
[Hook]
Se pa vle m pa vle avè w
Se pa renmen ke mwen pa renmen w
Cheri n pa ka ansanm
Cheri n pa ka ansanm
Se pa vle m pa vle avè w
Se pa renmen ke mwen pa renmen w
Cheri n pa ka ansanm
Cheri n pa ka ansanm
[Verse 2]
Mwen te fin abitye mwen te menm adikte
Men se domaj ke nou pap ka soude
Mwen son fanm marye mari m dwe respekte
Se mwen sosyete a gen pou l kondane
Mwen yap imilye
Yo pap aksepte paske se fanm mwen ye
W konn jan sa ye jan yo konn jije m
Tanpri ann kanpe cheri m pap kontinye
Non nou pap ka ansanm se vre ou nan san m
M ta vle n ansanm men fòk mwen pran san m
Se on ti moman nou de te aksepte
Se on kont defe ki pa reyalite
[Hook]
[Verse 3]
Renmen sonje w sa deranje kwè mwen si ou vle
Se ou ke mwen te vle menm si sa pat ka mache
Mwen sonje w tou,
M pa baw manti m kwè nan nou m kwè nan lanmou
M pa konn pouki nou pa ansanm ankò
M te sou fè bagay serye men ou potko pare
Se jwe ke w te vle jwe e laj ki tap monte
Don’t hate the player hate the game
Menm si nou pa ansanm love la still ret the same
Le n kwaze nan lari n ava souri
Na sonje n te genyen yon love story
Wa va yon bèl souvni, yon kado k pap louvri
Na va kontinye viv lavi n men cheri

Category

🎵
Music

Recommended